
Responsab estrikti SOS jounalis la, Joseph Gyler C Delva, anonse pou dimanch 16 jiyè yon mach pasifik pou denonse fenomèn ensekirite epi egzije liberasyon kopropriyetè Télé Pluriel la, Pierre Louis Opont bandi kidnape depi 21 jou.
Nimewo 1 asosyasyon jounalis lan fè konnen mach sa ap reyini nan won pwen Komin Petyon vil. Jounalis lan denonse pasivite otorite yo fas ak fenomèn ensekirite a, li lanse apèl bay tout sektè nan lavi nasyonal la nan lide pou vin patisipe nan mach sila.
Se okazyon pou resposnab asosiyasyon mande ak ravisè yo pou libere mesye Opont ki pa pran medikaman depi yon mwa.