Depi kèk jou sou tout rezo sosyo yo anpil imaj ak videyo kap pataje montre solidarite konpatriyòt ayisyen nan Wanament pou rive konstwi yo branch kanal sou rivyè Masak la. Yon inisyativ daprè sitwayen kap travay sou chantye sa kap pèmèt peyizan yon jwenn dlo pou wouze jaden yo sitou plen maribawou ki gen kapasite pwodwi 40 mil tòn diri chak ane.
Pandan tan sa gouvènman dominiken bò kote pal fache kont inisyativ sila yo mande pou kanpe travay kanal peyizan yo ap konstwi sou rivyè masak la. San pèdi tan Luis Abinader ta pral pran plizyè desizyon pami yo fèmen fwontyè yo avèk nou epi yo pap bay Ayisyen viza avèk objektif pou fòse otorite yo an Ayiti kanpe travay la. Nap raple se premye priz Ayiti pran pran sou rivyè sa alòske Dominikani deja pran 11.
An Ayiti dirijan yo, aktè politik yo ak sosyete sivil la pa poze okenn aksyon ni pran pozisyon nan dosye sa ki alimante anpil deba. Mèt Mario Joseph ki se kòdonatè Biwo Avoka Entènasyonal (BAI) kritike gouvènman ak opozisyon an ki pa reyaji nan dosye sa. ‘’ yo ap mouri poul yo paske yo gen kay an Repiblik Dominikèn, yo gen byen yo epi se la yo ka ale, yo montre yon konplis nan dosye rivyè Masak la.’’ Deklarazyon Mèt Mario joseph. Avoka raple nan tout peyi sou latè opozisyon jwe gwo wòl nan konbat pou demokrasi nan fòse gouvè1nman pi byen travay alòske pa bò isit la tout aktè sa yo fèmen bouch yo sou dosye sa.
Mario Joseph fè konnen otorite ayisyen abitye fè mètdam deja sitou nan dosye denasyanilazyon plizyè milye Ayisyen ’’Fòk yo pale fòk dirijan politik yo pale fòk tout moun di sa yo vle di a.’’
Pi lwen reponsab BAI fè konnen desizyon gouvènman Dominiken an pran ap gen konsekans ni sou Repiblik Dominikèn ni sou Ayiti ki pa ka bay tèt li manje.
Nap raple rivyè Masak se yon rivyè kap fwontalye kap koule sou bò goch peyi Dayiti nan depatman Nòdès ak sou bò dwat Repiblik Dominikèn nan pwovens Dajabón ak Monte Cristi. Malgre menas prezidan Luis Abinader poko janm gen okenn otorite nan leta ki leve ti dwèt li, sèlman peyizan yo nan Nòdès ki di yo detèmine pou ale jiskobou nan dosye a. Sou rezo sosyal yo abitan yo jwenn anpil sipò, yo rele kanal la ‘’kanal libète’’ pou montre kòman pwojè sa se yon okazyon pou omwen Ayisyen leve tèt gade otorite domiken yo ki pa sispann konsideren tankou twal pye. Pandan nap di sa nou paka pa sinyale ansyen premye Minis Claude joseph ki pami opozan pouvwa Ariel Henry a e epi kite travay sou dosye sa lèl te bò kote Jovnel Moïse kontinye kritike konpòtman otorite domiken yo.
Antretan jis nan moman nap ekri tèks sa okenn otorite nan gouvènman Ariel la poko di yon mo nan dosye sa, pandan ayisyen yo nan Nòdes kontinye ap pase jounen ak nwit nan konstriksyon kanal la ak bout zong yo, anba pwent fizi lame domiken ki tou pwente kap tan modòd otorite domiken yo pou anvayi pou kraze ‘’kanal libète‘’ a, antouka peyizan Nòdes yo bay garanti se sou kadav yo yap pase pou ta kanpe travay sa ki pral bayo ti gout dlo pou wouze jaden yo.