Sou rezo sosyal yo Eden Hazard anonse madi 10 oktòb la li mete yon bout nan karyè foutbolè li. Pandan pasaj li nan foutbòl la Bèlj lan te pote koulè plizyè klèb tankou Lille, Chelsea dènye ekip li se te Real Madrid.
Alòske l te pat rejwenn okenn ekip depi apre l fin kite Real Madrid, nan yon mesaj ki pibliye sou paj Instagram li, Eden Hazard anonse li mete fen nan karyè l. Ansyen entènasyonal Bèlj lan eksplike li oblije suiv kò li sitou apre divès blese ki te kontrarye l pandan pasaj li nan ekip Madrilèn nan.
Hazard te fòme anndan ekip Lille lan nan peyi Frans, li jwe premye match pwofesyonèl li se te nan Ligue 1 an novanm 2007 ak 16 lane, se te fas Nancy Lorraine. Ak ekip Lille lan li te rive pran tit chanpyon Ligue 1 ak Coupe de France lan nan lane 2011.
Alòske plizyè gwo klèb te vle siyenl, nan lane 2012 Eden Hazard te rejwenn ekip Chelsea an nan peyi Angletè pou sèlman 35 milyon Ewo. Ak Chelsea Bèlj lan pran 2 Premier League (2015 ak 2017), yon FA Cup (2018), 2 Ligue Europa (2013 ak 2019). Sou plan endividyèl li fini meyè jwè Premier League la an 2015.
An 2019 Eden Hazard te kite ekip Chelsea a poul siyen ak Real Madrid pou yon total 115 milyon Ewo. Pwoblèm blese toutan te diminye kapasite jwè a, sa ki te lakoz li pat janm rive enpozel nan Casa Blanca. Ak ekip Madrilèn nan ansyen nimewo 7 lan te pran yon Ligue des champions (2022), 2 Liga (2020 ak 2022) ak yon Coupe du Roi (2023).
Nap raple Eden te pote koulè seleksyon Bèljik lan 126 fwa menl pat rive pran okenn tit.