Kounya se pa rimè komite sanksyon nasyon zini rann piblik yon pati nan lis pèsonalite Ayisyen kap sipòte gang nan peyi Dayiti. Nan dokiman sa yo prezante yon ansyen prezidan kòm gwo protektè gang.
Pandanl te sou pouvwa Martelly te kreye baz 257 nan Petyonvil pou te evite manifestasyon opozisyon an rive nan komin sa a, gang sa enplike nan asasina, kidnaping, trafik dwòg elatriye.
chantè sweet Micky a te konn itilize fondasyon oubyen sekirite rapwoche li pou alimante plizyè lòt gang tankou Vilaj de Dye ki te gen nan tèt li Anel Joseph, baz Gran Ravin, nan Tibwa elatriye. Ansyen chèf leta te kolabore ak gang yo pou ateri ajannda politik li daprè ekspè nasyon zini yo.
Anel joseph te deklare li te toujou gen bon rapò ak ansyen prezidan Martelly atravè yon pwòch ansyen dirijan peyi Dayiti a.
Rapò a raple nan yon videyo sou rezo sosyal yo Ti lapli te fè konnen Michel Martelly te fè Tèt Kale (Ansyen chèf Gran Ravin) kado yon galil 5,56, yon lòt menm jan te al jwenn Christ La nan Ti Bwa.

Nan dokiman sa komisyon an pase pran plizyè ansyen palmantè pami yo Youri Latortue yo kwè kap finanse baz kokorat san ras nan Latibonit, lidè AAA gen gwo kolaborasyon tou ak yon gwoup nèg ak zam nan katye Raboto. Ansyen depite Victor Profane li menm te patisipe nan kreye baz gran grif lèl te deside simaye zam bay jenn gason nan lane 2016 poul te ka ranpòte eleksyon yo nan magouy. Ansyen depite a te vin separe ak gang sa nan lane 2020 pou al sipòte yon lot gwoup “Auto Défense”.

Rapò sa vle koupe somèy plizyè boujwa nan peyi a pami yo Reynold Deeb. Ekspè nasyon zini yo di yo gen bon jan prèv patron Bongu a itilize gang pou kontrole bizinis li, PDG Dekagroup la te debloke gwo lajan pou finanse peyi lòk ki te yon fòm batay opozisyon politik epòk la tap mennen kont administrasyon Jovenel Moïse la.

Komite sanksyon an pa rete nan denonse sèlman, yo mande pou mare kou krab tout moun ki tonbe anba sanksyon sa yo, yo deja jwenn yon akò ak interpol nan sans sa avan pibliksyon ofisyel lis la ki prevwa pou mwa novanm. Kidonk sa se tròkèt la chay la dèyè.