Alòske Joseph Félix Badio, youn nan gwo sispèk asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la jwenn arestasyonl jedi 19 oktòb 2023, kèk èd tan aprè ansyen premyè dam nan Martine Moïse sou kont X li te reyaji epi fè konnen li pran ak de chak pa ki fèt nan dosye a.
”27 mwa apre yo fin kraze zo Prezidan Jovenel Moïse, pèp Ayisyen, fanmi an toujou gen yon gou anmè nan bouch yo. Wout Jistis la long, moun ki patisipe nan zak sa a, ap sikile. Nou pran ak de chak ti pa ki fèt. Tribinal Penal Entènasyonal ap ede fè limyè sou zak san parèy sa.” se Martine Moïse ekri sou kont X li.
Nap raple Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) t ap chèche Félix Badio pou patisipasyon prezime l nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse an Jiyè 2021. Asasinay, tantativ asasina , vòl ak zam se prensipal akizasyon Joseph Félix Badio genyen sou dol, daprè Lapolis Nasyonal Dayiti.
Selon enfòmasyon yo otorite ameriken yo ta dwe voye chèche joseph Félix Badio avan lontan menm jan ak kèk lot akize tankou pastè Christian Emmanuel Sanon, James solage elatriye.