Plis pase 31 mil Ayisyen rive Nicaragua nan dènye mwa sa yo atravè 260 vòl ”charters” ki sòti Pòtoprens. Pri biyè yo varye soti 3mil jiska 5000 Dola ameriken daprè ABC.
Medya ameriken an fè kwè otorite Nikaragweyen yo itilize dosye migran sa yo kap pase Lakay yo pou fè presyon sou administrasyon Biden nan.
Nap raple Etazini atravè USAID te siyen yon akò avèk plizyè peyi nan karayib la ak amerik latin nan lide pou limite kantite migran kap pase lakay yo ki vle ale Etazini, Nicaragua pat fè pati antant sila a.
Nap raple tou semèn pase a nan espas 2 jou gen 3500 ayisyen ki kite Pòtoprens atravè 28 vòl ki rive Nicaragua.