MSPP konfime yo sezi sou fwontyè Wanament 13 oktòb pase a 27 pwochèt san. Aprè analiz yo dekouvri san yo kontamine Ak viris sida Ak ”épathites B.”
Nan sans sa Ministè sante piblik entèdi popilasyon an achte san oubyen pwodwi ki fèt ak san ki sòti lòt peyi. Mssp mande pèsonèl sante yo byen verifye san yo avan yo fè enjeksyon. Popilasyon an tou dwe rete vijilan daprè ministè sante piblik.
Sous Métronome.