Jedi 26 oktòb 2023, Pakè Pòtoprens ki gen nan tèt li Me Edler Guillaume libere pou pi piti 11 moun pami yo 9 fanm epi yon ti fiy ak yon ti gason. yo tout te twouve yo nan ”Centre de Rééducation des Mineurs en Conflit avec la Loi (CERMICOL)” nan Delmas 33.
Majorite nan moun ki libere yo te komèt “délits mineurs,” epi gen youn nan yo ki se Genise Sincère ki te jwenn gras prezidansyèl depi sou prezidans Michel Joseph Martelly.
Depi lè Me Edler Guillaume rive nan tèt pakè Pòtoprens li rive libere anpil moun ki te nan prizon men ki pat komèt gwo enfraksyon oubyen moun ki deja te fin peye pou sa yo te fè men ki te toujou nan prizon.