Alòske lapolis tap chèche l pou asosiyasyon malfektè, vòl, twouble lapè piblik, Bruno François ki gen sèlman 20 lane ki se 2yèm chèf gang Moleya (Bon Repo) jwenn arestasyon l jedi 23 novanm 2023.
Bruno François ak akolit li yo, “Kadya ak Maken”, patisipe nan plizyè zak banditis ki fèt nan zòn Moleya 20 ak Ti BOB, daprè Polis Nasyonal Dayiti.
Pou moman sa a, Bruno François twouvel nan gadavi pandan l ap tann aksyon legal ki nesesè Pou ka pal la.