ICG konseye Nasyonzini byen kontwole teren an avan l deplwaye sòlda l yo
International Crisis Group ki Soti nan peyi Bèljik, limen pwojektè l sou lyen ki egziste ant Lapolis Nasyonal Dayiti, aktè politik yo nan peyi Dayiti ak gang yo. Nan yon rapò òganizasyon endepandan sa ki bay tèt li misyon fè prevansyon ak rezoud konfli ki lakòz anpil moun mouri konseye Nasyonzini pou l pran anpil prekosyon ak polisye kowonpi ki gen lyen ak gang, ak nèg politik ki gen lyen tou ak gang avan menm li deplwaye sòlda li yo sou teritwa ayisyen an. Òganizasyon entènasyonal la pibliye rapò sa jodi samdi 6 janvye 2024 la
Bandi ak zam pa sispann mete dlo nan je manm nan popilasyon ayisyen an pandan lane 2023 a. Depi aprè lanmò ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse, ensekirite monte nan nivo moun pa t imajine. Daprè ICG, gen 300 gang k ap opere sou teritwa ayisyen an jodi a ki kontwole pi fò katye nan kapital Pòtoprens la ak zòn ki sou kote l yo. Pou lane 2023, Nasyonzini deklare gang yo lakòz lanmò 4 000 moun ak 3 000 mil ka anlèvman. Vyolans seksyèl yo rive nan 1100 ka agresyon sou fanm soti mwa janvye pou rive mwa oktòb 2023.
Nan Kad masak malfra yo fè nan zòn Pòtoprens la, yo vyole 179 fanm ak tifi. Aksyon gang yo pouse plis pase 200 000 moun kite lakay pou al pran refij nan lòt espas tankou plas piblik ak lekòl Lise oubyen legliz.
Pou rezon sa yo, Leta ayisyen ki pa ka fè fas ak aksyon gang yo te mande konkou Nasyonzini. Fòs etranjè sa ki jwenn otorizasyon Nasyonzini ta dwe rive Ayiti nan kòmansman lane 2024 la. Objektif fòs ki ta dwe gen nan tèt li Kenya, se tabli lòd ak lapè nan peyi a epi fasilite eleksyon fèt nan peyi a. Men pou International Crisis Group, se pa yon dosye ki pral fasil pou fòs etranjè a. Pou Òganizasyon entènasyonal la, sòlda yo pa ta dwe mete pye Ayiti si efektif la, fòmasyon ak ekipman yo pa konplè.
Misyon sa pral fè fas ak afwontman nan lari kote k gen anpil. Donk nan ka sa li dwe prepare l pou sa. Fòs etranjè a dwe gen bon sous ransèyman ki pou founi l bon jan enfòmasyon sou mesye ki gen zam ilegal yo ak fason yo opere.
Men si pa genyen yon akò politik, daprè ICG, travay la kapab konplike pou sòlda Kenya yo sou teren an. Aprè ekspè Òganizasyon an fè konnen, gang yo kapab mete tèt yo ansanm pou yo konbat fòs etranjè a. Mete sou sa, ICG soulinye koripsyon ki genyen anndan Lapolis Nasyonal la ak Sèktè politik la ki ta mare sosis yo ak nèg ak zam ilegal k ap teworize popilasyon sivil la.” Plizyè gwo chèf nan polis la ki pale ak anketè yo konfime kèk gwo chabrak nan PNH la te bloke yon operasyon ki ta pral arete yon gwo chèf gang akoz lyen gwo bani sa genyen nan enstitisyon an ak nan sektè politik la”.Enstans entènasyonal la ki di l ap fè prevansyon ak rezoud konfli a konseye Nasyonzini pran kontwòl teren an avan menm sòlda Kenya yo foule bout tè Papa Dessalines la.
Li plede tou pou yon akò politik ant opozisyon an ak pouvwa, li plede pou yon pwogwam demobilzasyon epi li mande tou pou gen yon plan ki kapab bloke trafik zam nan sou teritwa nasyonal la. Si tout kondisyon sa yo pa reyini, òganizasyon entènasyonal la gen dout pou misyon an pote kichòy.
N ap raple fòs etranjè a ki ta dwe rantre nan lakou peyi Dayiti nan kòmansman lane sa a genyen pou misyon, n ap site, pwoteje batiman piblik yo kontwole wout Nasyonal yo epi kraze baz gang yo nan peyi a.