Nan yon nòt ki pibliye sou page ofisyèl li, Polis Nasyonal Dayiti (PNH) fè konnen Romain Jean Chrisilhomme, ki fèt 21 oktòb 1991, jwenn arestasyon l , madi 9 janvye 2024 la bò 8è nan maten, nan Ri St Honoré, pou prezime enplikasyon li nan krim ak zak malonèt.
Daprè lapolis, Romain Jean Chrisilhomme ki soti nan komin Gran Gwav nan deptaman Lwès, se youn nan chofè chèf gang Bèlè a ki rele Kempes Sanon.
Pou kounya, Romain Jean Chrisilhomme dèyè bawo l ap tann aksyon legal ki nesesè yo.