Menm jan ak plizyè lòt vil nan peyi a te gen gwo mouvman mobilizasyon nan vil Okay jounen lendi 5 fevriye 2024 la pou kontinye mande Premye minis Ariel Henry remèt pouvwa.
Depi nan maten barikad te monte nan plizyè zòn ,wout nasyonal la te leve bloke epi kawoutchou tap boule nan plizyè kwen.
Kèk tan aprè plizyè milye moun ta pral pile beton an nan 3yèm vil peyi a, yon manifestasyon kite gen plizyè branch jan TAB MOBILIZASYON te anonse sa. TAB MOBILIZASYON se yon gwoup ki gen plizyè pati politik ki regwoupe yo ansanm estrikti ki te lanse mouvman ki kòmanse depi lendi 5 fevriye sa a pou rive 7 fevriye kap vini la,tankou pitit desalin EDE elatriye
Rive 4 chemen deblozay pete, lapolis kraze manifestasyon an yon moun mouri plizyè lòt manifestan pran bal, yal pran swen lopital .
Nap raple nou sou 4yèm semèn depi aktivite yo paralize nan vil okay ,lekòl pa louvri kèk grenn biznis sèlman ki louvri pòt yo.