Alòske peyi Dayiti ap konnen yon kriz politik san parèy kote majorite aktè yo ap mande PM Ariel Henry remèt pouvwa, bò kote pal ansyen senaté Steven Irvenson Benoît sou kont X li pwopoze yon retou nan lòd konstitisyonèl la.
Nan pwopozisyon sa a, ansyen senatè a fè konnen prezidan tap soti pami 3 jij ki nonmen regilyèman nan lakou kasasyon (Joseph Lebrun , Jean Claude Theagene ak Barthélemy Antenor). Answit toujou daprè ansyen palmantè a, prezidan sa a tap chwazi yon Premye minis, fòme yon gouvènman inite nasyonal.
Gouvènman sa daprè ansyen senatè Lwès tap gen poul egzekite yon fèy de wout avèk kèk pwen enpòtan tankou : Sekirite, konferans nasyonal , relanse ekonomi an, elatriye.
Pou ranplase pèsonèl politik la, Steeven Benoît kwè gouvènman sila ki tap gen yon manda 2 lane tap òganize eleksyon jeneral nan peyi a nan mwa septanm 2025 epi moun pèp la chwazi yo tap rantre an fonksyon a pati janvye pou rive fevriye 2026.
Se yon pwopozisyon senp yon patriyòt ki renmen peyil, daprè ansyen palmantè a ki envite aktè politik yo ak sosyete sivil la, pou yo mete ògèy yon kote epi mete tèt yo ansanm pou ede peyi a soti nan kriz li twouvel la.