Sou enstriksyon kòmandan an chèf la Frantz Elbé, plizyè inite nan PNH la deplawe nan komin Mibalè, sitou nan “Terre Rouge” ak Fonds-Cheval, depatman Sant, nan kad yon misyon espesyal.
Nan kad operasyon yo, plizyè bandi tonbe nan echanj kout bal ak lapolis, pami yo Joseph Janès ki se chèf gang Fonds-Cheval la, li gen ti nonl “Avyon.” Anplis Avyon, gen yon frèl ki t ap chèche teworize popilasyon sivil la ki tonbe.
Nan kad operasyon sa fòs lòd yo sezi zam ak konfiske machin, epi mete anba kòd Roudeline Rémy ki se madanm chèf gang “Avyon”, ak Rémy Widenise.
Nan yon nòt, enstitisyon lapolis la fè konnen yo ap vanse ak operasyon yo nan depatman Sant nan lide pou fasilite moun ak byen sikile san pwoblèm.