Reyinyon CARICOM te planifye nan Jamayik pou 5 ak 6 mas konsènan kriz politik Ayiti ap konnen an ranvwaye pou yon lòt dat.
Jiskaprezan pa gen anyen ki di sou rezon ki lakoz responsab CARICOM yo anile reyinyon sa. Daprè enfòmasyon yo, yo ap gen pou kominike yon nouvo dat bay aktè ki gen enterè enplike nan negosyasyon yo.
Nap raple rankont sa a se te pou rasanble aktè politik ayisyen yo pandan yon somè ki tap gen pou fèt Jamayik 5 ak 6 mas, se CARICOM ki te dwe òganize pou diskite sou kriz politik la nan peyi Dayiti, Etazini, Kanada ak Inyon Ewopeyen te dwe patisipe kòm obsèvatè.