Daprè yon kominike Primati a pibliye dimanch 3 mas 2024 la, li fè konnen Gouvènman Ayisyen nan yon arete deklare Eta Ijans sou tout teritwa nasyonal la aprè atak nèg ak zam yo kont 2 pi gwo prizon sivil peyi a ap anpil komisarya nan peyi a san bliye lòt batiman piblik kou prive.
Mezi sa ap rantre an aplikasyon soti lendi 4 pou rive mèkredi 3 mas 2024 la. Pi lwen nòt la fè konnen desizyon sa pa konsène ajan fòs lòd yo, ponpye yo, anbilansye yo, pèsonèl lasante ak jounalis ki idantifye yo.
Yon lòt bò, Primati raple 3 jou sa yo pa 3 jou konje, administrasyon piblik la, komès la, endistri ak lekòl yo pap kanpe. Nap raple kouvrefe a ap kòmanse 6è PM pou al bout 5è nan maten.