Plizyè katye nan komin Delma kòmanse manke dlo potab yo rele pi souvan dlo trete daprè konsta repòte nou yo. Nan kèk pwen vant dlo potab ki louvri yo, yon liy moun men longè ap tante pran ti gout dlo pou yo ka bwè. Sitiyasyon sa vini kèk jou aprè nèg ak zam yo lanse yon seri atak kont plizyè komisarya ak biwo Leta.
Atak bandi ak zam yo ki paralize plizyè katye nan zòn metwopmolitèn Pòtoprens lan, kòmanse gen gwo konsekans sou popilasyon kèk katye sitou nan komin Dèlma. Sitiyasyon sa ki tanmen depi jedi 29 fevriye 2024 pase a bloke anpil aktivite tankou, transpò an komen an nan anpil sikwi, aktivite eskolè yo ak aktivite komèsyal yo. Nan kèk kote nan Dèlma tankou soti kafou Ayopò, pou rive 3 men, prèske pa gen aktivite komèsyal. Se sèlman kèk moun sou pye yo k ap tante sikile.
Nan menm moman, dlo pou moun bwè kòmanse fini nan espas kote yo vann dlo potab yo kèk katye. Se gwo liy moun ki devan kèk biznis ki te gen ti rezèv dlo. Nan Dèlma 17, nan Dèlma 19, menm jan ak Dèlma 31 ak Dèlma 32, anpil moun ap mache ak galon nan men yo, bokit nan men yo nan lide pou yo jwenn ti gout dlo pou yo bwè ak fanmi yo. Daprè enfòmasyon moun sa yo bay repòte nou yo, yo mache anpil pafwa pou yo jwenn ti gout dlo pou yo bwè. Men machann dlo yo pa monte pri galon dlo yo nan moman.
Pandan tan sa, kamyon sitèn konpayi ki vann likid vital sa gen difikilte pou yo apwovizyone kliyan yo poutèt anpil wout bloke epi sitiyasyon ensekirite a. Konpayi Culligan ayè lendi 4 mas la nan yon kominike te anonse sitiyasyon sekirite nan moman pa pèmèt kamyon l yo fè livrezon, men y ap travay pou yo jwenn yon solisyon.
Carl Henry Florant