Madam Dominique Dupuy p ap reprezante EDE, RED ak Konpwomi Istorik nan konsèy prezidansyèl la ankò. Reprezantan Ayiti nan Òganizasyon Entènasyonal pou edikasyon, Syans ak kilti a (UNESCO) nan yon videyo li pibliye dimanch 24 mas anonse li retire kò l poutèt move jijman avèk atak kont pèsonalite l ak entegrite l.
Se te jedi 21 mas pase a, Madam Dupuy te resevwa apèl nan men platfòm RED, EDE ak Konpwomi Istorik pou l t al reprezante yo nan Konsèy Prezidansyèl la pandan l pa manm youn nan pati nou sòt site la yo. Aprè l fin remèsye platfòm yo ki te chwazi l yo ak tout moun ki te kwè nan kapasite l genyen pou ede Ayiti nan kriz l ap travèse a, anbasadè Ayiti nan Unesco deklare li kite konsèy la poutèt atak politik sou karaktè li, menas sou lavi l ak atak seksis paske li se sèl grenn fanm ki pral nan mitan uit (8) gason nan ekip la.
Madam Dominique Dupuy fè konnen tou kèk moun vle aplike pwovizyon sou laj ki nan konstitisyon amande 1987 la, «malgre tranzisyon sa pa t ap rantre nan yon kad konstitisyonèl.»
Anbasadè fanm ayisyen 34 lane a nan Unesco fè konnen pi lwen li fèt nan peyi Dayiti, epi li deside sèvi peyi l menm jan ak gran paran l yo tankou papa l Alexy Dupuy te sèvi bò kote premye prezidan Ayisyen an, Jean-Jacques Dessalines. Anbasadè a pwomèt pou l kontinye travay li te kòmanse nan Unesco a ki se leve drapo Ayiti byen wo devan lòt nasyon yo malgre move van k ap soufle pote dekourajman.
N ap raple Platfòm RED, EDE ak Konpwomi Istorik chwazi jodi dimanch 24 mas la, anbasadè Smith Augustin pou ranplase madam Dominique Dupuy nan konsèy prezidansyèl la.
Carl Henry Florant