Chèf gang “Site Doudoun” nan nan komin Kwadèboukè moun konnen sou non “New York New York” tonbe nan echanj kout zam avèk lapolis madi 2 avril la nan kad operasyon yo kap kontinye pou kwape bandi.
Yon lòt bò, nan Petyon vil nan katye Meyòt, polisye Inite Tanporè Anti Gang yo (UTAG) rekipere yon fizi daso ak plizyè katouch pandan afwontman ant lapolis ak bandi ame ki fè pati gang Vitelhomme Innocent ap dirje a.
Lapolis Nasyonal Dayiti rete mobilize epi detèmine pou kontinye batay san pran souf kont gang ame yo e konte sou kolaborasyon popilasyon an.
PNH-