Soti mwa mas pase a pou mwa avril 2024 la, bandi ak zam yo vyole 1370 fanm ak ti fi nan depatman Latibonit daprè Platfòm Fanm Òganize pou Devlopman Latibonit la (PLAFODA), nan yon bilan li prezante sou vyòlans seksyèl nan rejyon an madi 16 avril 2024 la.
Fanm ak ti fi nan depatman Latibonit la pa sispann pase tray anba men bandi san fwa ni lwa daprè Kowodonatris PLAFODA Louisette Vertilus. Platfòm sila k ap batay pou dwa fanm nan, yo resanse 1370 ka vyòl pou peryòd mwa mas pou rive mwa avril 2024 la. Bandi yo komèt zak sa yo nan komin Lestè, Verèt, Lyankou ak Ti Rivyè Latibonit kote malfra yo ap taye banda.