Jedi 18 avril 2024 la, Etazini depòte plizyè dizèn ayisyen nan premye vòl Depatman sekirite enteryè a. Migran ayisyen sa yo ateri nan Ayopò vil Okap daprè jounal ameriken an Miami Herald. Ofis Nasyonal Migrasyon Ayiti a te okouran depòtasyon sila.
Peyi Etazini rekòmanse voye tounen ayisyen pandan gang yo kontinye ap sakaje kapital Pòtoprens ak zòn ki tou prè l yo. Jedi 18 avril la, imigrasyon ameriken pouse do 74 konpatriyòt ki te nan peyi yo a. Se nan Ayopò Okap la imigrasyon Ayiti t al resevwa konpatriyòt sa yo nan mitan jounen an.
Pandan Etazini ap retire resòtisan l sou teritwa pou tèt ensekirite a ki debòde nan peyi a, administrasyon Joe Biden la kontinye ap depòte ayisyen. Tom Cartwright, yon analis endepandan k ap suiv dosye depòtasyon sa yo deklare “Pèsòn moun pa ka konprann repriz vòl pou depòte Ayisyen yo”, pandan l mande konpasyon ak imanite Gouvènman ameriken an daprè sa Miami Herald rapòte.
Carl Henry Florant