Vandredi 19 avril 2024 la, Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti a (BINUH) prezante yon bilan tris sou sitiyasyon Ayiti ap konnen depi lane 2024 la mete pye l. Daprè misyon Nasyonzini an nan peyi a, 2505 moun pèdi lavi yo oubyen blese pou sèlman premye trimès 2024 la pami yo 82 ti moun piti. Enstans entènasyonal la resanse tou 438 ka kidnapping nan depatman Lwès la ak Latibonit.
Vyolans gang yo kontinye ogmante nan peyi a sitou nan kapital la, depi 29 fevriye pase a kote chèf gang yo mete tèt yo ansanm nan simen twoublay tribòbabò. Bandi ak zam yo nan peryòd sa daprè BINUH lanse yon seri atak kont anpil gwo enstitisyon anndan peyi a. Yo atake de pi gwo prizon sivil peyi a ki lakòz 4 600 prizonye lage nan nati a. Mete sou sa, yo sakaje oubyen boule pou pi piti 22 komisarya, soukomisarya ak batiman Lapolis te okipe epi yo touye 19 ofisye Lapolis.
Se pa sèlman gran moun ki viktim nan zak vyolans k ap taye banda nan peyi a. Dwa ti moun yo pa sispann vyole, BINUH resanse 82 ka ti Moun ki mouri oubyen blese nan afwontman sa yo pou premye trimès 2024 la. Enstans Nasyonzini an fè konnen anpil nan ti moun sa yo ki pa gen opòtinite ekonomik ak sosyal antre nan gang pou patisipe nan zak kriminèl yo.
Pandan tan sa bandi yo kontinye ap vyole jèn fanm ak ti fi daprè rapò BINUH an sou premye trimès ane sa an Ayiti a. Gen nan anpil zòn n ap site gang ak zam yo kenbe jèn fanm oubyen ti fi ki pral travay oubyen prale lekòl pou vyole yo, pafwa yo sibi vyòl kolektif. Genyen yo tiye aprè yo fin agrese yo seksyèlman toujou daprè rapò BINUH prezante vandredi 19 avril 2024.
Nap raple lendi 22 avril kap vini la konsèy sekirite a nan Nasyon zini ap gen pou chita pou diskite sou sitiyasyon kritik peyi a ap konnen la, nan okazyon sa responsab BINUH an, Isabelle Salvador, ap gen pou pran lapwòl.
Carl Henry Florant