Nan yon nòt ki parèt jedi 25 avril la, direksyon jeneral jounal “Le Nouvelliste” anonse bandi ak zam k ap opere nan kapital la piye lokal yo a ki twouvel nan ri Di Sant, yo pote ale plisyè materyèl pou enstitisyon an.
“Depi plizyè jou moun nou pa idantifye anvayi lokal la ki sitiye l nan “rue du Centre”, nan Pòtoprens. Yo pwofite vandalize ekipman yo, retire mèb yo ak matyè premyè ki nesesè pou enprime jounal la”, se sa Direksyon Jeneral Le Nouvelliste la eksplike.
Jounal le Nouvelliste, ki egziste depi 125 lane, fè konnen yo konte sou sipò lajistis ak lapolis nan peyi Dayiti ki gen misyon pou pwoteje lavi ak byen sitwayen yo nan peyi a.
Nap raple se pa premye enstitisyon ki piye menm zòn sa, gen “Presse Nationale” ” Collège Bird ” ki sibi menm fòm atak sa yo anba lavil la.