Madi 30 avri 2023 konsèy prezidansyèl la nonmen yon prezidan oubyen yon kòdonatè pou kòdone aktivite KPT a, Edgard Leblanc Fils aprè yon konsansis ant 4 pati okipe pòs prezidan konsèy la. Nan yon diskou tou kout li pwomèt nan jou k ap vini yo aksyon ap kòmanse poze pou konbat ensekirite a nan peyi Dayiti, sitou nan kapital la.
“Yè (lendi pase a) pandan tout jounen an, nou rankontre wo kòmandman Polis Nasyonal Dayiti a, wo kòmandman lame a ak inite ki chaje pou sekirite palè nasyonal pou n te gade kijan sitiyasyon an ye jounen jodia kisa ki manke, kisa yo bezwen pou yo kapab manyen kesyon sekirite a epi bay rezilta”, pawòl Edgard Leblanc nan diskou li a.
Pi douvan prezidan KPT fè konnen aprè anpil diskisyon ak antant yo jwenn pou pote soutyen materyèl ekipman, ranfòsman ak sipò moral “nan jou k ap vini yo, nan semèn k ap vini yo ap deja gen siy ki bay nan si gen pou wè ak sekirite anndan peyi a”, daprè prezidan KPT a.
N ap raple Ayiti ap konnen yon kriz san parèy kote gang ak gwo zam ap fè lalwa nan prèske tout ti kwen nan kapital. Dosye ensekirite a rete pi gwo defi pou konsèy prezidansyèl la leve.