Alòske ayè madi a yon konsansis te jwenn ant 4 sektè ki reprezante nan konsèy la pou mete Edgard Leblanc Fils prezidan, si gen plizyè estrikti ki salye chwa sa, plizyè lòt konteste pwosesis ki itilize pou sa fèt la. Se ka fanmi Lavalas nan yon nòt li mete deyò mèkredi 1ye me a ki kalifye de maskarad pwosesis sa.
“Maskarad ki fèt jounen 30 avril 2024 la nan Konsèy Prezidansyèl la, se yon konplo pou garanti bandi legal PHTK an fanmi ak alye yo kenbe pouvwa a nan peryòd tranzisyon an epi kontinye tradisyon koripsyon an. Pèp la bouke soufri pandan bandi legal ak alye l yo ap pwofite sou do l.” se sa nou li nan nòt fanmi Lavalas la.
“Yon bon tranzisyon ki vle remet peyi a sou ray dwe chita sou prensip respè akò politik 3 avril 2024 la. Fanmi Lavalas toujou di pouvwa dwe osèvis peyi a, osèvis majorite defavorize a, osèvis pèp revandikatif la. Pa osévis yon gwoup politik ki mennen peyi a nan kalamite a n ap viv la a. Sitiyasyon peyi a reklame you lòt mòd fonksyonman pou yon lòt mòd leta.”
Pi devan Fanmi Lavalas di li voye jete ak tout fòs li, eskandal trayizon li di ki fèt nan jounen 30 Avril 2024 la. “Fanmi Lavalas rete makonnen avèk revandikasyon pèp la pou yon lòt mòd leta, ke nou dwe prepare ansanm nan yon vrè tranzisyon, ki ap koupe fache tout bon ak koripsyon, vyolans, ensekirite, ak eksklizyon”, daprè estrikti politik sa.
N ap raple Fanmi Lavalas pa premye pati reprezantan nan konsèy la ki konteste konsansis la, Akò Montana ale nan menm sans lan tou.