Inite Idrometeyorolojik Dayiti lanse, jedi 2 me 2024 sa a, yon avètisman inondasyon konsènan uit (8) depatman peyi a ki deja anba gwo lapli depi kòmansman semèn nan.
Daprè previzyon Inite Idrometeyorolojik Dayiti a, plizyè fenomèn meteyorolojik deklannche aktivite lapli sou tout peyi a. Jedi sa a, yon zòn depresyonè ap pase nan Lès peyi Kiba ki pral lakòz lapli ak loraj nan rejyon Karayib la.
“Depi yè premye me 2024 la, akòz pasaj fenomèn sa a, gwo lapli te kòmanse tonbe sou plizyè depatman, sitou Lwès, Nò, Nòdès, Nòdwès, Nip ak Grandans”, se sa Inite Idrometeyorolojik Dayiti a fè konnen.
Aktivite lapli sa ta dwe kontinye jiska vandredi 3 me 2024 la. Sitiyasyon sa ka lakoz inondasyon sanzatann nan plizyè depatman ki anba enfliyans gwo lapli.
“Inite Idwometeyoloji Ayiti a bay avètisman sou menas inondasyon ak deboulonnay tè nan depatman Nip, Grandans, Sid, Nò, Nòdès, Nòdwès, Lwès ak Sant”, daprè estrikti sa.
Yon lòt bò Inite Idwometeyoloji Dayiti a ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil la mande tout moun ki abite nan zòn ki gen gwo ris inondasyon yo rete vijilan. Li rekòmande pou swiv enstriksyon sekirite yo.