Mèkredi 8 me 2024 la nan non sektè demokratik popilè a (SDP) mèt André Michel pibliye yon mesaj sou kont X li, ladann li bat bravo lakontantman pou gouvènman Ariel Henry a li di ki te ekri Nasyonzini pou mande voye yon misyon miltinasyonal vin konbat gang yo nan peyi a.
“SDP santi tout bon vre fòs entènasyonal la sou wout pou vini ede PNH la kraze gang epi mete sekirite nan peyi a. Mèsi ak gouvènman Ariel Henry a kite mande Nasyonzini fòs la pou Ayiti depi nan mwa Oktòb 2022,” se sa nou ka li nan mesaj pòtpawòl SDP a.
Pi douvan avoka wete chapo ba devan alye Ayiti yo nan Nasyonzini tankou Etazini, Lafrans ak Meksik pou gwo batay diplomatik li di yo te mennen pou Nasyonzini te adopte rezolisyon sou dosye fòs miltinasyonal la nan mwa oktòb 2023.
Dirijan SDP a fè konnen Kounya se tout kouch nan sosyete a ki anbrase lide pou fòs la rantre nan peyi a. “SDP kontan anpil paske tout aktè politik ak sosyete Sivil ki nan konsèy prezidansyèl la dakò jounen jodi a pou fòs entènasyonal la vini nan peyi a. Se yon bon bagay pou popilasyon an,” se sa avoka deklare nan non SDP.
Yon lòt bò, Sektè Demokratik Popilè a raple gras ak fòs entènasyonal la, gwo biznis ak ti biznis yo pral kapab louvri pòt yo, ti machann madan sara yo pral kapab mennen aktivite yo san kè sote, restoran yo pral rekòmanse fonksyone leswa, moun pral ka pase tout kote nan peyi a tankou Matisan, Maryani, Kanaran elatriye.
Pou fini mesaj sa André Michel di nan non SDP, sitwayen ki te oblije kite Kay yo nan Fontamara, Matisan, Kafou Fèy, Tòsèl, Taba, Kwadèboukè, Gresye, Santo, Kanaran, Pènye, Ba Dèlma, Bèlè, Solino, Gran Ravin, Site Solèy, Fò Senklè, Fò Nasyonal, anba Lavil, nan Latibonit ak nan rès peyi koumanse gen lespwa yap retounen lakay yo yon jou. Tankou chante a dil la, jou sa ki jou l ap ye?