Direktè Jeneral PNH la, Frantz Elbé, akonpaye ak manm wo Kòmandman PNH la, resevwa, dimanch 19 me 2024 sa a, nan ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti, dis (10) blende. Se Gouvènman Ameriken an, atravè Entènasyonal Nakostik ak Lapolis (INL) ki fè PNH la kado materyèl sa yo.
Nan kad seremoni pou remèt materyèl sa yo anbasadè Etazini an Ayiti, Dennis Bruce Hankins, te prezan pou remèt kle blennde sa yo bay kòmandan enstitisyon an Fratz Elbe.
Daprè fòs lòd yo, blennde sa yo vize kontribiye nan ranfòsman kapasite operasyon Polis Nasyonal Dayiti pou kontinye goumen kont krim òganize sou tout fòm li.
Yon lòt bò, kòmandan an chèf PNH la, Frantz Elbé, pwofite renouvle angajman PNH la pou retabli lòd ak lapè nan tout peyi a.