Vandredi 24 me 2024 la nan ri Lamontay ak ri 5, Polis nasyonal Dayiti mete anba kòd 2 ansyen polisye, Lemy Railey TOUSSAINT ak BON Fritz Jean Eliphète plis 2 lòt endividi ki se Avril Carlos ak Previlus Jamesley. Daprè PNH la mesye sa yo jwenn arestasyon yo pou paske yo ta fè pati gwoup gang k ap opere nan Vilaj de Dye ak Bèlè.
Daprè fòs lòd yo, ansyen polisye Lemy Railey TOUSSAINT, alyas “Pa Vin Tchip”, gen akizasyon sou do l kòmkwa li te touye yon moun toupre komisarya sou mache Salomon an.
Kanta pou BON Fritz Jean Eliphète, daprè enfòmasyon enstitisyon lapolis la di ki disponib, li te enplike nan kidnapin yon biznismann answit li te vòlè machin menm biznismann sa 10 desanm 2022, nan ri Kapwa. Anplis de sa, BON Fritz Jean Eliphète te kwaze yon bis nan ri Maglwa Anbwaz pou anpeche yon machin blennde lapolis kontinye yon operasyon ki t ap mennen kont nèg ak zam.
Si enstitisyon lapolis la bay detay sou Railey TOUSSAINT ak BON Fritz Jean Eliphète ki se 2 ansyen polisye, ajan lòd yo pa di plis sou Avril Carlos ak Previlus Jamesley.