Manm Konsèy prezidansyèl yo te vizite, mèkredi 29 me 2014 la, travay konstriksyon baz Fòs miltinasyonal la nan zòn èpòt la.
Konseye yo te vle wè epi evalye eta avansman travay kap fèt nan espas la pou akeyi rive fòs entènasyonal la kap gen pou deplwaye pou sipòte PNH nan batay pou retabli sekirite anndan peyi a.
Vizit sa a se te okazyon pou responsab konstriksyon yo te pote bon jan eksplikasyon sou dewoulman travay yo ak dat limit pou tout konstriksyon fini.
Se te moman tou pou responsab chantye a te montre kijan espas la òganize pou resevwa ajan fòs entènasyonal la nan bonjan kondisyon. Nan sans saa konseye te vizite Dòtwa, sant medikal, Kafeterya ak anpil lòt espas ki pral sèvi solda etranje yo.
Nap raple 9 mamb ki nan tèt konsèy prezidansyèl la pwomèt pou kontinye travay pou retabli yon klima lapè tout kote nan peyi a. Nan deklarasyon li fè nan dat 18 me a, Prezidan konsèy la, Edgard Leblanc Fils garanti popilasyon an, ekip CPT nan tèt peyi a, ap rejwen tout teritwa pèdi yo.