Kòmandan an chèf Polis nasyonal Dayiti a, Franz Elbé, te vizite Inite Taktik Anti-Gang la, lendi 10 jen an aprè trajedi ki te afekte inite sa, kote twa ajan nan kò sa tonbe, dimanch 9 jen 2024 nan yon anbiskad, nan Dèlma 18.
Kòmandan an Chèf la bay kòmandan UTAG la sipò moral, ansanm ak manm inite yo ki angaje nan batay kont gang yo li di li pap manke pran dispozisyon pou asire yo polisye ki mouri yo jwenn jistis, epi asire pou memwa yo onore jan sa dwe fèt.