Lendi 31 mas la, nan okazyon reouvèti Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la, gouvènman ayisyen an atravè Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, manifeste volonte l pou elimine ensekirite gras ak gwo envestisman ki pral gen pou fèt.
Nan kad bidjè rektifikatif 2024-2025 la, «yon montan 31 milya goud konsakre nan ranfòse Polis Nasyonal Dayiti (PNH), ladan plis pase 7 milya sèlman pral itilize pou achte ekipman estratejik yo. An menm tan, pou pi pi piti 4,4 milya goud yo prale nan modènizasyon ak deplwaman operasyon fòs lame a», daprè yon kominike Primati, ki presize alokasyon sa ap tann validasyon Konsèy Minis yo.
Otorite yo fè konnen tou nan mwa mas 2025 lan, 12 milyon dola yo te envesti nan achte zam ak ekipman sofistike pou amelyore kapasite fòs lòd yo.