Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ak gouvènman ap travay pou retabli koneksyon ant Pòtoprens ak rès mond la. Nan sans sa, Konseye Prezidan Leslie Voltaire te prezide, madi 1ye avril 2025 sa a, yon reyinyon travay nan «Villa d’Accueil». Reyinyon sa a te vize evalye mezi ki nesesè yo pou reouvèti gradyèl men tou tabli sekirite nan ayewopò Tousen Louvèti a.
Plizyè ofisyèl gouvènman ak sekirite te prezan nan rankont sa, tankou Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, Minis Enteryè a ak Otorite Lokal Paul Antoine Bien-Aimé
, Minis Jistis ak Sekirite Piblik Patrick Pélissier, Minis Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon Raphaël Hosty, ansanm ak reprezantan fòs sekirite nasyonal, avyasyon sivil ak enfrastrikti ayewopò.
«Reouvèti ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti se yon priyorite nasyonal. N ap travay aktivman ak tout enstitisyon konsène yo pou asire sekirite enfrastrikti yo epi fasilite reouvè aktivite aviyasyon yo,» se deklarasyon Leslie Voltaire.