Nan yon nòt ki pote dat 12 avril 2025 lan, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an fè konnen peyi Dayiti ap viv jounen jodi an pi move sitiyasyon nan istwa I. Kote yon bò, popilasyon an ap sibi vyolans bandi yo; yon lòt bò, peyi a ap fè fas ak yon kriz imanitè san parèy ak plizyè santèn milye deplase k ap kouri tribò babò pou pwoteje lavi pitit ak fanmi yo. Nan sans sa a KPT a di li voye senpati l bay tout viktim sitiyasyon difisil sa.
Nan nòt sila otorite yo lonje dwèt yo byen long sou yon seri moun k ap alimante move sitiyasyon peyi a ap viv la. «Nan moman n ap viv la, nou anba menas trafikan dwòg, trafikan zam, trafikan bal, machàn kò moun, menas politisyen, menas kèk moun nan sèktè ekonomik peyi a ki abitye simaye zam bay jenn fanm ak jenn gason pou enterè politik yo, mele ak rezo entènasyonal ki ap alimante ensikirite andan peyi a pou fèl tounen yon nako eta».
Pi devan, konsèy la di move je sa yo ap mobilize lajan ak resous andan kou deyò peyi a paske yo deside bay panzou pou pran kontwòl administrasyon piblik la, epi poze lapat totalman sou pouvwa politik la.
Pi devan KPT a mande popilasyon an pou rete vijilan devan manèv machin kriminėl yo nan estrateji entoksikasyon enfòmasyon tèt anba pou atenn objektif yo. «Peyi a bezwen solidarite tout pitit li yo nan moman an pou n kwape estrateji konfizyon kriminèl move zangi nasyonal kou entènasyonal yo ap lage sou teren an», toujou daprè kominike a.
Pou fini, KPT a di li nan lagè kont tout moun sa yo, tout fòs lòd yo mobilize pou kanpe ak popilasyon an epi fè fas kare ak tout trafikan kap simen lamizè nan peyi a. «Pèp ayisyen abitye ranpòte pi gwo lagè pase sa. Ayiti pap tounen yon Leta Nako.»