Chef Leen Excellent deja nan 7yèm jou san kanpe li nan kwit manje. Li sou wout pou l reyisi nan gwo defi li bay tèt li ki se kraze rekò World Guinness la. Gouvènman ayisyen an, nan yon nòt yo mete deyò dimanch sa a, salye siksè fanm ayisyen an ap kontinye fè nan mete aksan sou manje tradisyonèl ayisyen yo.
Chef ayisyen an, ki twouve l nan peyi Frans, Leen Execellent te bay tèt li yon gwo defi: kwit manje san kanpe pandan 192 èdtan soti 7 pou rive 15 avril 2025. Objektif li pou enskri non li ak non Ayiti nan «Livre Guinness des records.»
«Gouvènman Repiblik la ak anpil fyète salye inisyativ Leen Excellent, chef ayisyen ak anbasadè eritaj gastronomik nou an, ki rantre nan yon maraton gastronomik san parèy ak objektif pou anrejistre Ayiti nan Livre Guinness des records,» se sa nou te ka li nan nòt gouvènman.
“Nan chak nan pla sa yo, se nanm nan yon pèp k ap eksprime, soti nan memwa, rezistans ak fyète,» toujou daprè sa gouvènman ekri.
Inisyativ Chef Leen nan, pase an dirèk sou rezo sosyal yo, li deja jwenn yon vag sipò sitou nan mitan dyaspora ayisyen an ki rete mobilize depi plizyè jou. Atis, diplomat, politisyen, sitwayen angaje, enfliyansè ayisyen yo eksprime gwo sipò yo pou Chef Leen. Nan vil Paris, li resevwa sipò tout kalite moun ki deplase al ankouraje l nan gwo maraton sa.
Objektif Leen Excellent se pou depase rekò anvan an ki te etabli nan lane 2023 pa chef Liberyen Evette Quoibia, ki te kwit manje pandan 140 èdtan. Yon fwa li rive nan 192 èdtan yo, tout videyo ak prèv ekri yo pral soumèt bay Guinness World Records pou validasyon.