Nan yon kominike lapolis mete deyò yo anonse nan kad operasyon k ap dewoule nan komin Mibalè, plizyè bandi tonbe nan echanj kout zam ak fòs lòd yo, yo rive sezi tou de (2) fizi manch long ak yon (1) pistolè kalib 9mm.
Pi devan PNH la raple gen plizyè inite espesyalize nan Enstitisyon lapolis la ki deplwaye nan Mibalè avèk lòd pou yo batay kont gang kriminèl k ap fè popilasyon sivil la monte lesyèl pa do.
Yon lòt bò nan komin Kenskòf, sitiyasyon an dejenere, gang yo rive toupre sant vil la, yo ap miltipliye estrateji pou atake Komisarya. Akoz sitiyasyon sa nan jounen vandredi sen sa tout moun nan sant vil la deja kouri kite kay yo.