Konsila Ameriken an nan Pòtoprens ap aksepte nouvo demand viza touris pou kòmansman ane 2023.
Bòn nouvèl pou moun ki swete al pase yon tan ak fanmi, zanmi, nan peyi Tonton Sam pandan ane 2023 sa. Konsila Etazin an nan peyi Dayiti fè konnen yo aksepte nouvo demand Viza touris. “Nou gen randevou pou viza touris, men yo limite. Nap planifye pou ogmante kantite randevou yo nan tan ki pa twò lwen” se sa responsab yo nan Konsila fè konnen.
Pou sa ki konsène reyinifikasyon fanmi, anbasad la endike ke pwosesis yo te rekòmanse tou depi desanm 2022.“Nou te rekòmanse trete viza imigran depi Desanm kounya n ap fonksyone ak tout kapasite nou yo” se sa Konsila deklare.
Depi kèk mwa, jwenn yon randevou nan konsila Etazini an te vin tounen yon veritab kalamite. Konsila a te jistifye sitiyasyon sa ak pwoblèm Ayiti ap konnen, tankou ensekirite, kriz politik la, rate gaz la ak Covid-19.
Sous : Le Nouvelliste
Jean Kenson CARRIES (JKC)