Jedi 2 me 2024 sa, nan yon mesaj ki pibliye sou kont ofisyèl X li a (Twitter), anbasad Frans an Ayiti fè piblik la konnen sèvis li yo ap repranm apati semèn pwochèn.
“Sou rezèv sekirite ki ka satisfè, anbasad Fransè a pral ouvri pou piblik apati lendi 6 me 2024 epi tout sèvis li yo pral fonksyone nòmalman,” se sa nou li nan mesaj anbasad la.
N ap raple anbasad la te fèmen pòt li depi nan Kòmans mwa mas pase a akoz vyolans gang ak zam yo ki te deside atake plizyè batiman piblik kou prive, lopital, komisarya elatriye.