Arete ki nonmen Gouvènman Garry Conille la pibliye nan jounal Monitè madi 11 jen 2024 la. 18 ministè a toujou kenbe men nouvo gouvènman ap gen 14 minis, gen kèk minis kap okipe 2 pòs ministeryèl.
Men lis minis gouvènman Garry Conille an
Sitwayen Garry CONILLE nonmen Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo; Carlos HERCULE Minis Jistis ak Sekirite Piblik; Dominique DUPUY Minis Afè Etranjè ak Afè Relijye; Dominique DUPUY Minis Ayisyen k ap viv aletranje; Ketleen FLORESTAL nonmen Minis Ekonomi ak Finans; Ketleen FLORESTAL nonmen Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn; Vernet JOSEPH Minis Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral; Raphaël HOSTY Minis Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon; James MONAZARD Minis Komès ak Endistri; James MONAZARD nonmen Minis Touris; Moïse JEAN-PIERRE Fils nonmen Minis Anviwonman; Antoine AUGUSTIN Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl; Antoine AUGUSTIN Minis Kilti ak Kominikasyon; Georges Wilbert FRANCK Minis Afè Sosyal ak Travay; Georges Fils BRIGNOL Minis Sante Piblik ak Popilasyon; Marie Françoise SUZAN Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm yo; Niola Lynn Sarah DEVALIS OCTAVIUS nonmen Minis Jenès Espò ak Aksyon Sivik; Jean Marc Berthier ANTOINE Minis defans.
Fok nou di gen anpil protestasyon nan sèten sektè apre chwa sa yo tankou nan sektè fanm nan pou chwa minis sa yo ki pa soti nan sektè a, sendika anplwaye nan ministe jenès ak espò pwoteste kont chwa nouvo minis la,SDP dil pa voye pèsonn nan gouvènman alòske MSPP pote siyati siyati 21 desanm, Biwo swivi ako Montana lave men yo tankou pilat nan dosye sa aloske chwa minis edikasyon an pote siyati montana.