ASASINA JOVENEL MOISSE: JIJ WALTHER WESSER VOLTAIRE BAY GARANTI LAP RIVE FE LIMYE SOU DOSYE JOVENEL MOISE
Dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòtoprens lan, Me Bernard Saint-Vil fè elòj jij Walther Wesser Voltaire li prezante kòm yon majistra ki chaje ak experyans konpetans .Selon Droyen An Voltaire entegre majistrati a nan lane 2010 e li te konn travay tou nan sektè dwa moun nan .Walther WESSER Voltaire bay garanti li pap kouri kite dosye a menm Jan ak lòt konfrè yo Depi kondisyon yo reyini sin dwe kwè droyen an ki fe konnen CSPJ ap fè demach pou jij la jwenn Polisye machin blende ak yon biwo konfontab poul komanse travay nan fen semèn sa a .
Aprè Me Mathieu Chanlatte, Me Garry Orélien, Me Chavanne Étienne ak Me Merlan Belabre, se tou Me Walther Wesser Voltaire pou kontinye enstwi sou dosye a. Pwosesis pou fè jistis triyonfe nan dosye bloke a chak fwa pou plizyè rezon pami yo Koripsyon, ensekirite ak laperèz, faktè sa yo souvan mansyone kòm blokaj pou swit nòmal ankèt la.Nap raple tou seten pwòch Ansyen prezidan tankou Ansyen Premye minis Claude Joseph ak Laurent Lamothe toujou reklame yon tribinal entènasyonal espesyal pou jije dosye asasina jovnel Moise la .