Nan septanm 2019 aktè politik ki tap goumen kont gouvènman Jovenel Moïse ak rès gouvènmanl lan ki tap mal dirije peyi a te lanse yon mouvman ki te batize “Peyi Lòk”, li te dire prèske 3 mwa. Toujou pandan peryòd Peyi lòk la, dimanch 13 oktòb 2019 , yon gwoup atis deside rantre nan mouvman an pou mande Jovenel Moïse kite pouvwa.
Jou sa plizyè dizèn milye moun ki te apresye demach atis yo ak kèk DJ trè popilè te foule beton an pou manifeste kont move lavi. Kontrèman ak dènye manifestasyon yo, ki te toujou konn gen zak brigandaj ak piyaj, fwa sa pat gen okenn ensidan grav ki te anregistre.
Pandan plizyè èdtan, foul moun yo te mache san vyolans. Nan yon atmosfè kanaval, foul la tap chante epi voye kèk slogan piman bouk kont Jovenel Moïse.Apre gwo mouvman sa plizyè lòt manifestasyon te dewoule nan plizyè kwen nan kapital la tankou nan vil vil pwovens yo sou inisyativ atis yo pou mande Jovenel remèt demisyon li.
Nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 yon selon sa lapolis fè konnen, yon gwoup ak zam pami yo gen Kolonbyen ak Ayisyen, antre lakay Jonel Moïse epi asasinenl. Depi zak asasinay sou ansyen prezidan rive jounen jodia anyen pa chanje, peyi a plonje pi fon nan yon kriz politik, nèg ak zam pa sispann met dlo nan je popilasyon an, pri pwodwi premyè nesesite yo ap vale teren. Pandan tout pwoblèm sa yo ap brase bil pèp Ayisyen an, anpil moun ap chèche konnen kote atis sa yo ki te mete tèt yo ansanm pou goumen kont pouvwa Jovenel la pase.
Pandan tan sa nan jou ki sot pase yo, plizyè nan yo tap akize lòt “trèt”, youn ap voye pwent sou lòt pou kwè se li ki trayi mouvman pèp. Chire pit sa pousen poze ti kesyon sa a : èske se pa enterè pèsonèl yo tap fè pase avan enterè mas la ?