Lapli k ap tonbe sou peyi a lakòz gwo dega sitou nan depatman Nòdwès. 3 manm nan yon sèl fanmi pèdi lavi nan yon glisman tè dimanch 28 avril nan vil Pòdepè.
Dram sa rive apre yon miray tonbe sou yon lòt kay ki te pi ba l. Bilan provizwa; Elda Telfort, Yoldine Silla, ak Widdalens Belfort ki se yon timoun ki genyen ant 4 ou 5 lane pèdi lavi yo. Genyen plizyè lòt k ap pran swen Lopital nan Vil la, daprè sa plizyè sous konfime.
Nap raple depi plizyè jou lapli pa sispann tonbe sou peyi a ,sa ki gen gwo enpak sou peyi a sitou nan kèk zòn frajil nan pòtoprens ak vil okap ak okay.