Malgre kriz kap brase bil peyi a, anpil estrikti kontinye kwè eleksyon posib se ka pou Regroupman Sendika Dayiti ki kontinye ap egzije eleksyon nan peyi a avan lontan. Kodonatè nasyonal estrikti an, Guy Vilsaint kwè se pa posib pou yo kite Premye minis Ariel Henry kontinye nan tèt gouvènman pandan popilasyon an ap soufri ak tout kalte pwoblèm tankou grangou ak ensekirite. “Si Ariel henry kontinye ap anonse eleksyon fòk nou metel devan fè akonpli pou teste volontel” Deklarasyon sendikalis la .
Pou responsab RESYNH an ensekirite a se yon pretèks, depi gen volonte tout bon vre eleksyon ap dewoule san gwo ensidan menm jan sa abitwe fèt nan peyi a.
Se okazyon pou Regroupman Sendika Dayiti kontinye kore met Rodol Pierre kòm reprezantan sektè sa nan pwochen KEP a. Pou sendikalis la mèt Rodol Pierre chaje eskperyans ki kapab fasilite òganizasyon eleksyon kredib nan peyi a.