Nan lannuit 30 pou louvri lendi 31 mas sa, bandi ak zam yo mennen yo gwo atak nan vil Mibalè. Pandan atak sa gen moun ki mouri, anpil kay ak machin boule, popilasyon an oblije kouri kite kay yo, men tou bandi yo rive atake epi libere pou pi piti 516 prizonye ki te twouve yo nan prizon sivil komin sa.
«Prizon Mibalè a te gen yon efektif 516 prizonye ki te repati konsa: 410 gason prevni, 27 fanm prevni, 14 ti gason prevni, ki bay yon total 451. Te gen 63 gason ki kondane, yon (1) fanm kondane ak yon (1) ti gason kondane, ki bay aviwon 64 moun ki kondane nan prizon sivil Mibalè.» se kantite prizonye sa yo Marie Yolène Gilles, ki se responsab Fondasyon Je Klere fè konnen ki libere pandan atak sa.
Pi devan responsab FJKL la fè konnen, anons te fèt kote nèg ak zam yo te di yo pral atake Komin Mibalè men pat gen okenn repons ak rezitans ki te fèt pou anpeche sa rive.
Ak anpil dezespwa, Marie Yolène Gilles fè konnen Mibalè sou wout pou l alonje lis teritwa pèdi yo nan peyi a sou pouvwa KPT a, ki montre yo paka bay reziltal nan kad misyon yo te gen pou ranpli a.
Yon lòt bò, pòt vwa annapre PNH la, fè konnen lapolis prezan nan komin Mibalè, yo ap travay bò kote otorite lokal yo pou reprann kontwòl vil sa. Li fè kwe tou pandan entèvansyon fòs lòd yo gen plizyè bandi ki tonbe men tou plizyè zam rekipere. Li mande popilasyon kontinye kolabore ak lapolis pou ka rive gen kontwòl total sitiyasyon an.