Gouvènman Ayisyen nan yon arete ki pote dat 6 mas 2024 la, pwolonje eta ijans la sou tout teritwa depatman Lwès la. Mezi sa ki kòmanse depi jodi jedi 7 mas 2024 la pou rive 3 avril 2024, vize retabli lòd ak lapè nan zòn metwopmolitèn Pòtoprens la.
Nan menm moman, Gouvènman ki gen nan tèt li Premye minis Ariel Henry an, lanse kouvrefe sou teritwa nasyonal la pou yon peryòd twa (3) jou, soti 7è nan aswè pou rive 5è nan maten. Kouvrefe sa kòmanse jodi jedi 7 mas la l ap fini dimanch 10 mas pwochen an.
Nan yon kominike Primati a fè konnen, mezi sa pa konsène fòs lòd yo, li pa konsène ponpye yo, li pa konsène anbilansye yo, li pa konsène pèsonèl lasante yo, li pa konsène jounalis ki idantifye yo se jounalis yo. Nan menm moman, Gouvènman pwofite entèdi manifestasyon sou tout teritwa depatman lwès la, lannuit kou lajounen.
Daprè Pramati a, fòs lòd yo kapab itilize tout mwayen legal yo genyen pou yo fè respekte kouvrefe Gouvènman mete sou pye a.
Pandan tan sa, bandi yo Kontinye ap lanse ofansif yo. Ayè mèkredi 6 mas 2024 la, komisarya polis mache Salomon an tonbe anba men nèg ak zam yo, yo pase l anba flanm dife
Carl Henry Florant