Nan yon kominike yo mete deyò,
enstitisyon polisyè a reyaji konsènan rimè k ap sikile sou rezo sosyal yo ki fè kwè PNH la resevwa nouvo ekipman ak materyèl dwon, lendi 24 mas 2025 la.
Fòs lòd yo fè konnen , Direktè Jeneral enterimè PNH la, Rameau NORMIL, pa resevwa dwon. Pi devan, kominike sa a soulinye lapolis kontinye ap mennen operasyon kont gang yo ak resous materyèl li te deja genyen yo.
N ap raple, lendi 24 mas la, primati te anonse Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ansanm ak DG Polis nasyonal la, Rameau Normil, te enspekte ansanm yon echantiyon nan materyèl ki pral gen pou livre bay PNH la. Se te petèt yon siy ki te montre Premye minis la ak Direktè Jeneral PNH la pral atann yo pou konbat gang yo.
Ak imaj dwon ki paret nan foto yo te vle fe kwè se dwon eksplozif yo primati ta pral rememèt PNH la. Nap raple depi kèk tan enfòmasyon yo fè kwè se yon ”TASK FORCE” primati kap dirje operasyon dwon yo. Si te gen moun ki te panse te finalman gen antant ant chèf CSPN nan ak DG PNH la Men kominike demanti direksyon jeneral la lage plis lwil sou dife a. Pandan gwo gè kominikasyon sa ant Primati ak PNH la, yon lòt kote gang yo kontinye ap mache sou plizyè zòn nan kapital.