Alòske konsèy prezidansyèl la enstale ofisyèlman jedi 25 avril sa, gang yo pat deside depoze zam yo. Yo te anvayi yon pati sou wout Nazon, pase Dèlma 24 desann Kafou Ayopò pou rive anba Dèlma.
Daprè plizyè sous ak imaj kap sikile sou rezo yo, pou krache kòlè yo bandi yo mete dife nan kay plizyè abitan nan zòn Dèlma 24, 28 ak 30. Pou kounya pa gen okenn chif egzat ki disponib sou moun ki ta viktim nan zak sa yo.
Bandi yo ki mete tèt yo ansanm nan kowalisyon “Viv Ansanm” nan pa deside kanpe nan move zak yo ap poze dènye tan sa yo. Ensekirite a se pi gwo pwoblèm konsèy prezidansyèl ki apèn enstale a gen pou l rezoud.