Plis pase 100 000 moun kouri kite zòn metwopmolitèn Pòtoprens la nan sèlman yon mwa pou sove po yo anba zak vyolans bandi ak zam yo. Se sa Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon an (OIM) anonse vandredi 12 avril 2024 la.
Ensekirite a kontinye ap bwase bil Pòtoprens ak zòn ki tou prè l yo. Soti 8 mas pou rive 9 avril, daprè OIM plis pase 100 000 moun abandone rejyon metwopmolitèn Pòtoprens la pou y al tabli baz yo nan vil pwovens yo. 94 821 nan abitan sa yo pran direksyon gran Sid la mete sou 53 000 lòt enstans Nasyonzini an te rapòte ki te al refijye nan rejyon sa mwa pase yo.
Daprè ajans Nasyonzini an chif sa pa chif egzak kantite moun ki kite kapital la poutèt eskalad vyolans yo dènye tan sa yo. Paske OIM presize se nan estasyon bis ki pi frekante yo, ajan yo rekiye done sa yo. Men gen moun ki pa pase nan estasyon sa yo oubyen tou, ki ale nan vil pwovens yo pandan ajan yo pa t ap rekiye done. Nan chif òganizasyon Nasyonzini an pibliye jodi vandredi 12 avril la, li fè konnen 63% nan moun ki kouri kite kapital pou al pran yon souf nan vil pwovens yo, se moun ki te gentan kouri kite kay yo deja.
Yon lòt kote OIM konstate moun ki t ap fè rezistans yo kòmanse vle kite kapital la tou. Si nan kòmansman kriz la, se moun ki pa te kite kay yo k te plis manifeste volonte al andeyò, kounye a menm moun ki pa t gen pwojè a oblije ap panse pou lage pye yo.
N ap raple, se depi 29 fevriye a bandi ki gwoupe anndan kowalisyon Viv Ansanm nan tanmen zak briganday tout kalte nan kapital la. Yo atake plizyè pòs Lapolis, anpil bwat Leta, pò ak Ayopò, prizon. Nan yon premye tan objektif la se te pouse do Premye mins Ariel Henry sou pouvwa. Men malgre demisyon Chèf Primati a, zak vyolans yo ap kontinye nan zòn metwopmolitèn Pòtoprens la.
Carl Henry Florant