Gang an Ayiti kidnape 23 janvye pase a ,Alejandro Aguilera Milanés yon chofè brigad medikal kiben an ayiti, se ministè sante piblik nan peyi kiba ki konfime enfomasyon an nan yon kominike yo pibliye sou sit entènèt yo .
Responsab yo soulinye, imedyatman aprè zak sa gen negosiyasyon ki fèt avèk otorite ayisyèn yo nan lide pou assiste evènman malere sa avèk anpil priyorite yon fason pou jwenn liberasyon konpatriyot yo a.
Ministè a ki pat bay detay sou sikonstans anlèvman an, fè konnen pou kounya rès manm brigad yo swa anviwon 250 moun pami yo medsen ,paysan ak pèsonèl soutyen yo anfòm.
Nap raple se pa premye fwa gang kriminèl kap opere nan sèten rejyon nan peyi dayiti kidnape yon manm brigad kiben. Ane pase medsen Daymara Helen Pérez ki te kidnape pandan’l tap vwayaje nan yon bis te pase 10 jou nan men gang avan li te jwenn liberasyon ‘l.