Bandi ak zam yo Kontinye ap poze aksyon yo nan plizyè katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Aprè seri atak yo mennen kont komisarya yo, bandi yo atake katye Bèlvi kote yo piye kay kèk pèsonalite nan sosyete a.
Nan seri atak sa yo, konsila peyi etranje yo pa epanye. Mesye viv ansanm yo piye Konsila Guatemala. Zak sa rive nan lannuit vandredi 15 mas pou ouvri samdi 16 mas 2024 la.
Bandi ak zam piye plizyè kay nan zòn Bèlvi 15, 16 ak 17, daprè enfòmasyon redaksyon rive jwenn. Kay komedyen Jesifra ak tout kay manman Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat ak anpil lòt gwo pèsonalite pami kay malfra yo vandalize yo. Genyen yo boule epi pote ale tout sa yo kapab. Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat konfime pou Métronome li pa t abite nan zòn nan men se pito kay manman l ki te toujou nan zòn nan. Abitan zòn sa fè konnen, pi fò moun yo te gentan kouri kite zòn nan depi menm avan bandi yo te rive.
Yon lòt kote, mesye viv ansanm yo piye Konsila peyi Guatemala a ki nan zòn Delma 16 la. Mesye ak zam yo pote ale tout sa yo jwenn nan espas la. Enfòmasyon yo pa rapòte viktim nan atak sa.
Yon lòt kote, UNICEF anonse gang yo piye kontenè li te genyen nan pò Pòtoprens la ki te chaje ak materyèl pou lasante timoun an Ayiti yo.
Carl Henry Florant